top of page
backgrounds (17).png
People of all ages smiling and laughing together

Terapi Pou Moun Ki Bege ak Sèvis AAC pou Timoun ak Adolesan

Byenveni nan Engage Speech Language Services!

Engage Speech Language Services, PLLC se yon pratik prive ki bay sèvis endividyalize pou moun ki bege e moun ki bezwen sèvis kominikasyon ogmante e altènatif (AAC). Nou travay non sèlman ak kliyan nou yo, men tou, nou travay ak moun k'ap bay kliyan yo swen pou nou kapab diminye blokaj nan kominikasyon an - ede kliyan nou yo pale lib. Nou ofri sèvis nou yo nan de fason-sou entènèt ak rankont fas a fas nan kominote a. Nou konsantre nou sou kominikasyon nan mond reyèl la. Nou ofri sèvis yo ni an Anglè ni an Kreyòl Ayisyen.

Untitled design - 2022-10-24T102039.978.png

Evalyasyon ak Terapi

servcs
AdobeStock_383620891.jpeg
AAC

Engage ofri evalyasyon AAC pou timoun. Nou ede moun ki bezwen eseye aprarèy kominikasyon e nou kapab itilize teknoloji modèn pou amelyore pwoblèm langaj. Nou aprann fanmi yo kijan yo kapab itilize plizyè estrateji ki pèmèt yo vin pi alèz nan fason yo ka sèvi avèk yon aparèy pou ede pitit yo a kominike.

kids talking stuttering therapy
Timoun ki Bege

Nou pran yon apwòch "olistic" nan fason nou travay avèk timoun ki bege.  Sa vle di, nou amelyore konesans pitit ou sou bègeman, ede li konstwi atitid/emosyon li epi nou amelyore pwoblèm bègeman an otanke posib. Terapi kapab ogmante konfians timoun nan lè lap pale.

Adult who stutters in online stuttering therapy for adults in North Carolina
Granmoun ki Bege

Begeman kapab afekte moun ki gen tout laj. Nan terapi a, nou bay objektif chak kliyan priyorite pa li. Nou travay pou nou jwen rezilta fonksyonèl tankou amelyore kapasite prezantasyon, konfyans pandan w ap pale nan telefòn, ak estrateji pou redwi efè fizyolojik bègeman an.

backgrounds (16).png

Rankontre Terapis Ou A

Milca Bellegarde, M.A., CCC-SLP bilingual speech therapist in North Carolina
ASHA certified speech-language pathologist in North Carolina
Milca Bellegarde, MA, CCC-SLP

Pwopriyetè, Òtofonis Bileng 

Milca se yon òtofonis bileng ki pale Kreyòl Ayisyen ak Anglè. Aprè li te fini ak metriz li nan terapi lapowòl nan Inivèsite Kawolin di Nò nan Greensboro, li te pran kou avanse nan begeman ak kominikasyon ogmante e altènatif (AAC). Milca gen eksperyans travay ak timoun ni nan lekòl ni lakay yo. Anplis, li gen eksperyans travay ak kliyan ki gen tout laj nan klinik prive. Milca te gen opòtinite pou bay timoun ak paran yo sèvis "lapawòl e langaj" an Ayiti pandan plizyè ete.

​

Milca pran angajman pou'l ede kliyan li yo kominike ak konfyans nan fonksyon kotidyen yo - ke sa vle di itilize yon aparèy ki ka ede yo pale nan yon pak, oubyen kòmande manje nan yon restoran san laperèz bege.  

 

Lè li pap travay, Milca renmen ale nan festival, fè aktivite deyò, eseye nouvo resèt kizin, oubyen koud!

milca
Teen boy smiling in stuttering therapy online through teletherapy for stuttering

Sèvis pratik pou moun ki opikipe anpil! 

Ou pa bezwen vwayaje oswa planifye tan pou transpò. Nou ofri sèvis terapi "lapawòl ak langaj" sou entènèt. Sèvis nou yo de kalite e yo baze sou rechèch. Pou ou ka gen aksè, w'ap sèlman bezwen yon òdinatè oswa yon aparèy ki gen yon koneksyon WIFI. 

​

Engage Speech Language Services ofri sèvis li tou plizyè kote nan Charlotte, NC. Nou pran angajman pou nou ede kliyan nou yo pratike konpetans kominikasyon yo nan aktivite kotidyen yo, tankou pastan yo pi renmen an.

GETTING STARTED

Men ki jan nou kòmanse...

Engage Speech Language Services bay sèvis sou entènèt atravè Kawolin di Nò, epi li bay sèvis fas a fas nan zòn Charlotte. Tout seyans nou yo kòmanse sou entènèt atravè teleterapi (an liy), ak yon opsyon pou nou rankontre nan pak, bibliyotèk, makèt, kafe lokal, oswa yon lòt kote nan kominote a.

Pran Kontak!

Untitled design - 2022-10-24T102039.978.png

Kontakte nou pou yon premye konsiltasyon videyo gratis k'ap dire kenz minit. N'ap pale sou enkyetid ou genyen yo ak kijan nou ka ede'w rezoud pwoblèm kominikasyon ou yo. 

Evalyasyon!

Untitled design - 2022-10-24T102039.978.png

Si sa nesesè, n'ap evalye konpetans lapwòl ak langaj ou oubyen pitit ou. N'ap fè sa a atravè kesyon, obsèvasyon, ak tès. Apresa w'ap resevwa yon rapò alekri ki gen rezilta ak rekòmandasyon nou yo.

Kòmanse Terapi!

Untitled design - 2022-10-24T102039.978.png

Kòmanse travay sou objektif kominikasyon endividyèl ou yo! Lè ou reyalize objektif langaj ak lapawòl ou yo, nou ofri "check ins" pou nou asire ke siksè ou te resevwa nan terapi a kontinye.

backgrounds (16).png
CONTACT
Child smiling and talking with an AAC device in speech therapy

"Men anpil, chay pa lou."

- Pwovèb Ayisyen

backgrounds (16).png

Kontra Avèk Lekòl

Engage Speech Language Services, PLLC ofri sèvis terapi lapawòl ki baze nan lekòl tou. Nou bay sèvis ki enpòtan pou edikasyon ak konpetans kiltirèl evèl yo. Sèvis nou yo mete aksan sou bezwen chak elèv yo genyen pou yo kabap gen siksè nan kourikoulòm edikasyon jeneral la. Nou bay evalyasyon, terapi e nou devlope Plan Edikasyon Endividyalize (IEP).

bottom of page