top of page

Kesyon moun poze souvan

Kisa begeman an ye?

Begeman se yon diferans nan fason yon moun pale kote gen yon deranjeman nan ritm lapwòl la. Deranjamn yo ka nan fòm repetisyon (Ch-ch-ch-chat), mo pwolonje (mmmmmwen renmen manje) oswa yon blokaj kote son pa soti ditou.

Kisa Kominikasyon Ogmante ak Altènatif la (AAC) ye?

AAC vle di tout fason yon moun kominike san pale. AAC bay moun ki gen gwo defisyans lapawòl oswa langaj aksè pou yo kominike lè yo pa kakapab itilize lapawòl vèbal. Gen AAC ki sèvi ak aparèy teknoloji e sa ki pa itilize teknoloji.

Konbyen tan seyans ou yo?

Anjeneral, seyans terapi nou yo fèt chak semèn epi yo dire 45 minit.

Èske ou aksepte asirans?

Nan moman sa a, Engage Speech Language Services pa asepte asirans medikal. Nou ka ba ou yon "superbill" chak mwa si ou mande nou. Yon "superbill" se yon fakti ke ou ka remèt asirans ou pou yon ranbousman potansyèl. Kontakte founisè asirans ou a pou plis enfòmasyon konsènan sèvis terapi lapawòl yo asepte pou ranbousman.

Kouman pou mwen kòmanse?

Kontakte nou pou yon premye konsiltasyon gratis!

Ki resous ou rekòmande pou AAC ak begeman?

AAC

​

​

​

Begeman

​

  • The Stuttering Foundation: Òganizasyon sa a bay anpil enfòmasyon sou begeman pou moun ki bege, fanmi yo ak moun nan anvironman yo. 

​

​

​

​

  • Stutter Social: Òganizasyon sa a itilize kominikasyon vityèl pou konekte moun ki bege globalman.

backgrounds (16).png
bottom of page